Byenveni nan team SIKRESTARS la ==> nou FONDE depi 14 desanm 2010 nou fonksyoné tankou Fanmi respe yon pou lòt nou swete'w pran ti tan abitye e aprann de nou apresa wap wè jan nou cool e wap rapid adapte'w ak nou mèsi and welcom ankò 󾆠󾆠󾆠󾆠. nou gen website nou kise www.sikrestars.com TV Radio ou ka vizitel e enjoy ..
 Kondisyon yo se:
󾮜 Pa di betiz.
󾮜Pa voye video pono ni foto tou touni.
󾮜Pa joure.
󾮜 Pa pv on moun san otorizasyon li.
󾮜 Pa pile on moun pou pouse do li fe li ale. 󾮜 Pèsonn pa gen dwa change,Foto Pwofil Group la (Icon group la ) ni Non or " TiT'" Group la,Se Adm yo ki Ka otorizew fe sa (STAN&NEME). . . 󾮜Si'w gen yon fliyers ,yon program ou vle invite yon moun ladanl svp pase pa ADM yo .Nap edew fe sa pou mwayen de prekosyon . . . ... .. *SIKRESTARS=󾆗ANTISTRES󾆗*

SIKRESTARS©



SVP!!!!

󾭈PA UPLOAD-METE-VOYE VIDEO/FOTO KI GENYEN SAN, KI GENYEN MOUN MOURI, KOTE YO FE KRIM, KOTE MOUN AP GOUMEN (TIRE, DEKAPITE, BLESE, KOUPE TET, KOTE YO PANN MOUN,)󾭈

✨SIKRESTARS✨
KONDANE SA E ON MOUN KI POSTE ON BAGAY KONSA "NOU" STAN & NEMESIS AP PRAN SANKSYON KONT OU, PASKE OU VYOLE KONDISYON YO.
- SE ANTISTRES NOU YE. NOU PA ZANMI STRES NI ANKOURAJE SA TOU.
- ITILIZE LAKOU SIKRESTARS POU DEFOULE OU PITO OLYE OU FOULE PWOBLEM/STRES/DEPRESYON OU YO.....MESI!

SIKRESTARS ©



Nou ap di ou:

- Si on moun pv ou san se pa ou menm ki ba li pemisyon/otorizasyon.

- Konsa tou.
󾮜 Si on 󾆞fi pv on lot fi la nan yon entansyon/sans ki pa apwopriye.
󾮜 Si on 󾆝gason pv on lot gason la nan yon sans/entasyon ki pa apwopriye.

Fe Stan ak Nemesis konn sa. Depi ou mete nou o kouran. Nou ap asire ou ke nou ap pran sanksyon kont moun sa a.

SIKRESTARS te kreye nan on tandans
󾆟familyal󾆟.

⇨On kote ou kapab vini pase on ti tan apre on jounen travay.
⇨On rekwen ou kapab vini e layite ou pou retire stres.
⇨On lakou kote ou chita kote ki fe ou plezi. ⇨On pak datraksyon kote ou kapab vin chache lonbraj pou soley la.
⇨On kote si ou toumante ou kapab vini e diveti ou.
⇨On kote ou kapab fe konesans, trete sije, e defoule ou san ke sote.

- Si ant 2 moun ki la. Filing kontre e renmen, maryaj tou kapab fet. Nou pa nwi kont sa.

󾭈Men la se pa egzakteman pou rankont li fet󾭈

󾭈Se pa pou vin cheche moun ke SIKRESTARS te kreye󾭈

- Alo nou di ou sa davans. Pou se pa le genyen on pwoblem. Pou pa vin di nou pa bon etc…...
- Daye Stan mete tout efo li e fe anpil sakrifis pou SIKRESTARS. Ki nenpot sa ki pa fe ou plezi. Jis mete nou o kouran. Avek ou menm. Nou kapab ranje sa. E genyen on pi bon SIKRESTARS toujou.
- Piga ou santi ou ronte se dwa ou pou ou pale. Le ou pa kenbe li pou ou. Se prev ou montre ke ou solide avek tout ekip SIKRESTARS la.
- Nou pran tout kalite: konsey, lide, opinyon, plent.

Mesi pou tan ou ak konpreyansyon ou.

. SIKRESTARS ©
sikrestars.com se deja non chatroom lan, e se non Website nou an, pa bliye vizite "SIT" la wap jwen plezi sou li tou se la nou te komanse. ..... ....ISIA
- On moun sipoze rete HUMBLE 󾌵. Paske andedan kè chak moun deja we diferans lan. E nou yon konprann lòt . Se sa ki fe Sikrestars ye sa li ye jodi a. Pi bon an pa janm fe bri.
- Love ❤, Respect, Maturity. Se banye nou. Paske Sikrestars pwouve sa e fason nou fonksyone telman montre sa. Depi on moun vini la li pa adopte prensip sa yo. Li pa rete.
- Tout moun konnen nou TV 󾠜, Radio 󾠟 depi yo monte la. Paske se on plezi pou nou di yo kisa ki SIKRESTARS la. . . SIKRESTARS ( VS) OU MENM
. . .. 󾔧LIS MO󾔧 ki entedi isi a sou SIKRESTARS.

󾭈Mawozo (nan yon pou fawouche moun. Nan yon sans pou desann yon moun. Li pa on mo fomel)
󾭈Manje ate pa di mesi.
󾭈Masi....
󾭈Bouz....
󾭈Get man....
󾭈Nan mèd.
󾭈Nen frèt.
󾭈Epav.
󾭈Malpwopte.
󾭈Tou dey...
󾭈Sou Moun.
󾭈Pa Lave, Salòp, Pisannit.
󾭈Pye Mayas.
󾭈Enbesil.
󾭈Mal pou ronte.
󾭈Vouzan.
󾭈Machann Salami.
󾭈Cochon (nan sans pou joure on moun)
󾭈Chyen (nan sans pou joure on moun)
󾭈..., Gigi..., Kok, K󾌯k󾌯, (nan sans ki pa edikatif)

󾮜 Zoz Pawol Dyabolik ki pou entidimide moun tankou: Maji, Ayibobo, Rele Lwa yo...eksetera.
- Mo sa yo entèdi sou SIKRESTARS. Andedan SIKRESTARS. Nan SIKRESTARS.
- Si genyen lot mo ki pa konn fe'w byen di nou sa nou ap mete yo nan lis la. Si genyen lot mo ou we ki manke nan lis la. Di Stan oswa Nemesis sa nan PV epi nou ap ajoute li nan lis la. Mesi!

Beni jounen'w
===> SVP...Pa bliye
apre 󾀣6:00 am. Si ou se premye moun ki ap komanse jounen an sou SIKRESTARS. Repekte TANP BONDYE a e genyen krentif pou GRAN MET la. E prezante on vese pou chak grenn moun nan SIKRESTARS kapab jwenn benediksyon sa. E komanse jounen an byen e temine li ak on souri sou vizaj li. - Ou kapab pataje avek nou Liv: 󾕆Som, 󾕆Pwoveb. Ki nenpot vèsè nan Bib la. Nou kwe nan󾍛La Priye. Ki nenpot moun kapab fe sa. E ki nenpot moun kapab lage vese pa yo tou. Depi se on vese Biblik. An nou bay Bondye premye plas nan tout sa nap fe. - Si ou kwe se Bondye ki pemèt ou leve chak maten sonje fè sa. - Si ou genyen kwayans se gras Bondye ki fe ou genyen ti souf la toujou. Ann montre li koman nou genyen gratitid a trave inisyiativ sa. Konsa Bondye ap beni'w plis. Nou batize ti pwogram sa" BENI JOUNEN'W ". Chak maten a pati de 󾀣6ze am yo konsa. Si ou se premye moun ki ap ekri non room lan tou. Ou kapab toujou fe sa e lage on vese . Alò benediksyon nou tout sou kont ou. Mesi.


SIKRESTARS ©
            Men Ki jan nou fe egziste                  
SIKRESTARS Te Kree yon jou 14 Desanm 2014   Pa yon Zanmi ki rele Stanley  Louis

Stan te reyini anpil  zanmi sou fb nan yon forum kote ke  nou  te ka chat nan
yon ti chatroom fb te bay aksè pou moun te ka pale an group, se konsa nou te komanse ,e te gen anpil lot group ki te kopye ide nou e fè menm bagay la tou se sak fe nou rele nou#1 men sa pat anpeche sikre mache ,Moun pat konn ka domi anpil Plezi sou chat room lan ,Moun ap mande pounn mete yo chak jou nan SIKRE ,14 Fevriye 2011 Stan te mete yon pwogram ki rele konferans SIKREPHONE kote ke tout moun te ka rele pou swete lot Happy valentine's day .

- Apresa moun yo re vinn renmen pwogram SIKREPHONE sa, konya nou te vinn fe SIKREPHONE chak week-end, li konn gen plis passe 100 moun kap rele bay blag , fe konesans, fe nouvo zanmi , anpil kè kontan, pa bezwen diw jan sa te gou.

-Epok sa se nou ki te #1 group ki te fe konferans Phone,apresa anpil lot moun te vinn kopye nou tou men sa pat anpeche nou mache paske pa yo pa janm ka pran tankou "SIKRESTARS"
Moun yo te telman renmen SIKREPHONE YO te mande Stan poul fel chak swa ,Stan te aksepte fel .

-Lot ide ki te monte nan tèt Stan se te kree yon website pou group la epi Nou t HT domain name nou kise WWW.SIKRESTARS.COM KITE 7Jiyè 2011 Kote ke Stan te ajoute 99chat sou website la Ak TV SIKRESTARS ,Nan menm epok Sa Stan rankontre  ak Nemesisnou mete ansanm nou fe website la mache tres bien 24/7 anpil moun ap chat ,nou te Ht 123 flashchat kite gen videochat sou li kote tout moun yon te konn we lot li te koute nou $800 Us pa an  te gen anpil plezi .
-Stan te vinn Kree Radio a te gen animatè nou Beau Parleur ,ki te konn anime emisyon sa ki te rele" SIKRESTARS en couleur" pou nou anpil plezi ayisyen, nan tout mond lan moun ap rele mande mizik se te bel bagay ,nou te gen anpil program nan SIKRESTARS Moun yo pa ka viv san SIKRE ,Nou te gen pwogram sa yo Love connection,Priyè minwi,Sikrephone,Sikre an koulè Music Video clip ,

-Stan te konn fè emesyon nan TV a kote tout moun ap gade li *live* rele mande video music , SIKRE FE ANPIL AKTIALITE.

- NOU FETE premye anivèsè  nou Nan SANTIAGO,se te bel fet 14 desanm 2011, en 2012 menm bagay la bel fet ,2013 Stan antre USA , SIKRE La pired nou vinn rekonet tout zanmi nou te USA , APRESA LEKOL TRAVAY Pa bay Stan ti tan SIKRE te komanse bay RATMAN nou te fe yon ti poze antre jiyè 2013 pou rive juin 2014

 - Apresa nou rasanble kek zanmi sou Whatsapp nou riyini nou anko pounn pran plezi  ,e nou toujou gen Radio a ak TV a kap fonksyone 24/7 sou WWW.SIKRESTARS.COM, anpil plezi sou whatsapp , anpil nouvo zanmi nou vinn pi solid anpil nouvo  Fanmi , Se sak fe nou di SIKRE for life , nou pa selman yon group nou se yon fanmi , e nou bay anpil konsey , nou gen anpil prinsip siw pa renmen prinsip ou pap ka fe pati group sa , depiw renmen prinsip wap avek nou pou lavi , mesi nou renmenw. _________________________________________________________ADMN  SIKRESTARS admnistre pa 2 bon zanmi
STANLEY AND NEMESIS   Nenpot sa ou ta renmen  nou rezoud    rele nou na # sa 305-814-4729  
SIKRESTARS te kreye nan on tandans 󾆟familyal󾆟.

⇨On kote ou kapab vini pase on ti tan apre on jounen travay.
⇨On rekwen ou kapab vini e layite ou pou retire stres.
⇨On lakou kote ou chita kote ki fe ou plezi. ⇨On pak datraksyon kote ou kapab vin chache lonbraj pou soley la.
⇨On kote si ou toumante ou kapab vini e diveti ou.
⇨On kote ou kapab fe konesans, trete sije, e defoule ou san ke sote.

SIKRESTARS ©

contact us
305-814-4729
email
sikrestars@gmail.com
website
www.sikrestars.com
whatsapp group
978-876-1542

admin
Stanley  & Nemesis


CEO :SIKRESTARS ,14 decembre 2010
Stanley Louis
PSM 34:7
WWW.SIKRESTARS.COM